Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Konsiltasyon jeneral, plis ke 65 an : direktiv swen

Well Visit, Over 65: Care Instructions

Konsiltasyon jeneral yo kapab ede w rete an bòn sante. Doktè ou a verifye eta sante jeneral ou epi li ka sijere fason pou pran bonjan swen tèt ou. Doktè ou a ka rekòmande w egzamen tou. Ou ka anpeche maladi si w manje byen, dòmi byen, pran vaksen ou dwe pran yo, fè egzèsis regilyèman, epi swiv lòt etap.

../images/9d1db3232b34bde364f129c203d7afc0.jpg

Se pou w fè tès ke ou menm ak doktè w deside yo. An fonksyon de laj ou ak nivo risk ou genyen, yo gen dwa mande w fè kèk tès tankou tès odisyon oswa depistaj pou kansè nan kolon, tete ak poumon. Depistaj ede jwenn maladi anvan sentòm parèt.

../images/d6ff5157471dc55346d41ae9fd022906.jpg

Manje bagay ki bon pou lasante. Chwazi fwi, legim, sereyal konplè, pwoteyin san anpil grès, epi pwodwi letye san anpil grès. Limite konsomasyon grès satire a epi redwi konsomasyon sèl ou.

../images/bdc2b05a72443ec6ef457bea0f26f323.jpg

Limite konsomasyon alkòl ou. Gason yo pa dwe bwè plis ke 2 bwason alkolize pa jou. Fanm yo pa dwe bwè plis pase 1 brevaj pa jou. Pou kèk moun, li pi bon pou w pa konsome alkòl ditou.

../images/6431c6e5533d043d22ef216a58e304c8.jpg

Fè egzèsis. Sa ka ede w pa tonbe. Fè omwen 30 minit egzèsis pandan pifò jou nan semèn nan. Mach apye, yoga epi tai tchi gen dwa bon pou w.

../images/6090eeb98272857b8d19c610b8e3af28.jpg

Atenn yon bon pwa epi kenbe l. Sa a pral bese risk ou genyen pou kontrakte anpil diferan pwoblèm lasante.

../images/1dc9025d0b951f0b863fd885975456e1.jpg

Pran swen sante mantal ou. Eseye rete konekte ak zanmi w, fanmi w epi kominote a, epi chèche fason pou w jere estrès ou.

../images/8acb377ff5ae293f39645e5727872551.jpg

Si w santi w deprime oswa sanzespwa, pale ak yon moun. Yon konseyè ka ede w. Si w pa gen yon konseyè, pale ak doktè w.

../images/f345c39e6719fac95d2d73b9f9b8779c.jpg

Pale ak doktè w si w panse ou gen dwa gen yon pwoblèm ak itilizasyon alkòl oswa dwòg. Sa gen ladan medikaman sou preskripsyon ak dwòg ilegal.

../images/9ee249ed7a301f1c23968c5e129c607e.jpg

Evite tabak ak nikotin : pa fimen, vapote ni moulen pwodwi tabak. Si w bezwen èd pou kite sa a, pale ak doktè w.

../images/abb83e19a8d775c3978dad12fc08ebb7.jpg

Pratike relasyon seksyèl ki gen mwens risk. Fè depistaj maladi seksyèl, itilize kapòt oswa dig dantè, epi limite kantite patnè seksèyl ou genyen paske tout sa ka ede w anpeche maladi seksyèl yo.

../images/9be02594a7f6e2c7994ade0ae754c1ff.jpg

Ekri yon direktiv preyalab. Sa a se yon fason legal pou di fanmi w ak doktè w kisa ou ta renmen pou yo fè lè w rive nan fen lavi w oswa lè w pa ka pale pou tèt pa w.

../images/fc644a86b3b947c0de5091f8265b479c.jpg

Anpeche pwoblèm yo rive lè w ka fè sa a. Pwoteje lapo ou kont twòp solèy, lave men w yo, bwose dan w de (2) fwa pa jou, epi mete yon sentiwon sekirite lè w nan machin.

Ajou nan dat: 6 August 2023

Vèsyon kontni: 14.0

Adapte anba yon lisans Enstriksyon pou swen pwofesyonèl swen sante w la Si w gen kesyon sou yon maladi oswa enstriksyon sa a, toujou mande pwofesyonèl swen sante w la. Healthwise, Incorporated voye jete tout garanti oswa responsablite pou itilize ou itilize enfòmasyon sa yo.

© 2006-2025 Healthwise, Incorporated.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer