Search Results
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Konprann Nimewo Nivo Kolestewòl ou yo

Kolestewòl se yon kalite grès (lipid) ki vwayaje nan san an. Kò ou pwodui kolestewòl nan fwa a. Ou jwenn li tou nan kèk manje. Kò w bezwen kèk kolestewòl pou l pwodui selil ki an sante. Men twòp kolestewòl ka rann li fè yon pil nan veso sangen yo. Li vin fòme yon plak. 

Plis kolestewòl ou wo, plis risk pou fè kriz kadyak, maladi kè, oswa estwòk pi wo. Se poutèt sa ou bezwen konnen nivo kolestewòl ou. Si li wo, ou ka pran mezi pou desann li.

Koup transvèsal yon atè k ap montre sikilasyon san an.
San an koule fasil lè atè yo pa bouche.
Koup transvèsal yon atè k ap montre plak ki sanble nan atè a ak sikilasyon san an ki ralanti.
San an koule mwens lè kolestewòl fè yon pil nan pawa atè yo.

Fè yon tès kolestewòl

Yo tcheke kolestewòl ou ak yon senp tès san. Rezilta a diw ki kantite kolestewòl ou gen nan san w. Ou petèt pa dwe manje anvan w fè tès sa. Se sa yo rele yon tès ajen.

Fè tès chak lè founisè swen sante w la konseye w. Kòmanse tès yo apre w fin gen 20 lane. Fè tès la pi souvan si w gen gwo risk pou kolestewòl ou wo oswa pou w fè maladi kè. Si w fè dyabèt oswa kolestewòl wo, w ap bezwen fè yon tès chak 3 mwa.

Nonb total kolestewòl ou.

Yon tès san ap ba w yon nonb pou kantite total kolestewòl ki nan san w. Plis nonb sa a pi wo, se plis ou gen chans pou kolestewòl ap kole nan veso sangen ou yo. Menm si kolestewòl ou jis yon ti kal two wo, ou riske gen pwoblèm sante.

Kolestewòl total mwen se: ________________

Kantite lipid ou yo

Total kolestewòl la se jis 1 eleman nan tablo. Kolestewòl konpoze de diferan kalite grès (lipid). Si kolestewòl total ou wo, konnen pwofil lipid ou a enpòtan.

  • HDL (lipopwoteyin ak dansite wo). Yo konnen li sou non "bon kolestewòl". Kokiy pwoteyin sa pran eksè kolestewòl ke LDL la te kite sou pawa veso sangen yo. Se poutèt sa yon wo nivo HDL ka diminye risk maladi kè ak estwòk pou ou.

    Kolestewòl HDL mwen an se: ________________

  • LDL (lipopwoteyin ak dansite fèb). Yo konnen li sou non "move kolestewòl". Li sitou pote kolestewòl nan selil kò yo. Yon eksè LDL pral kole nan pawa atè yo. Sa ogmante risk pou w fè maladi kè ak estwòk.

    Kolestewòl LDL mwen se:_______________

  • Trigliserid. Kò w itilize fòm grès sa pou estoke enèji. Menm jan ak kolestewòl LDL, grès sa a ka lakòz plak fèt nan veso sangen yo. Nivo trigliserid la ta dwe pi ba pase 150. Si nivo trigliserid ou pi wo pase 200 mg/dL founisè w la ka vle gade yon lòt kalite kolestewòl ki rele apolipoprotein B (apoB).

    Trigliserid mwen se: ________________

Sa chif ou yo vle di pou ou

Kolestewòl ki wo se jis 1 nan pi gwo faktè risk maladi kè, kriz kadyak, estwòk, ak maladi ateryèl periferik. Pale a founisè swen sante w la pou w konprann kisa chif ou yo vle di pou ou. Aprann konnen kisa ki faktè risk ou yo. Founisè swen sante ou an ka ede. Yo ka kòmande plis tès depistaj. Yo ka pale avè w de bagay ki ka ogmante risk ou pou w fè maladi kè ak estwòk. Sa yo enkli istwa fanmi, laj, sèks, etnisite, ak eta sante aktyèl. 

Redui nivo kolestewòl ou 

Founisè swen sante w la ka ede w kòmanse fè yon plan pou w kontwole kolestewòl ou. Yo ka gen objektif pou yo trete kolestewòl ou a. Ou ka bezwen itilize plizyè kalte medikaman. Sa yo aji sou diferan kalte kolestewòl yo. Poze kesyon sou opsyon tretman ak objektif ou yo. Asire w ou konprann poukisa objektif sa yo enpòtan. Yo baze sou pwòp risk ou yo. Rete ak plan tretman ou pou w atenn objektif ou fikse yo.

Etap pou redui kolestewòl ou yo ap gen ladan yo chanjman estil vi tankou:

  • Gen yon rejim alimantè ki bon pou sante

  • Fè ase aktivite fizik

  • Kite fimen

  • Pran medikaman yo rele estatin pou w kontwole kolestewòl ou

  • Fè tès kolestewòl yon fason regilye

Pandan w ap travay pou bese kolestewòl ou, nimewo w yo ap chanje tou dousman. Men yo ap chanje. Pran pasyans epi rete fokis.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer